Accessibility links

Breaking News

Larisi: Yon Jwè Baskètbòl Ameriken Anba Kòd Pou Dwòg


United States' Brittney Griner takes part in a women's basketball practice at the 2020 Summer Olympics, Saturday, July 24, 2021, in Saitama, Japan. (AP Photo/Eric Gay)
United States' Brittney Griner takes part in a women's basketball practice at the 2020 Summer Olympics, Saturday, July 24, 2021, in Saitama, Japan. (AP Photo/Eric Gay)

Brittney Griner ki se on chanpyonn olenpik ekip baskètbòl Ameriken an, jwenn arestasyon li nan Larisi . Otorite ris yo arete li paske yo te jwenn li te an posesyon nakotik.

USA Basketball di ke yo "o kouran arestasyon Brittney Griner nan peyi Larisi," ekip nasyonal ameriken an te lage yon tweet, kote yo te di ke yo "konsène" sou "sekirite ak byennèt" jwèz la.

Klib li Ozetanini Phoenix Mercury nan WNBPA, te di ke yo o kouran sitiyasyon Brittney Griner la tou.

Nan yon deklarasyon Samdi, Sèvis Federal Ladwàn Larisi a te di nan mwa fevriye a pandan enspeksyon bagaj ki te nan men jwèz la lè li te rive Larisi sou yon vòl ki soti Nouyok otorite yo te jwenn "yon likid ki gen yon sant patikilye".

Lap fè fas a 5 a 10 zan prizon.

Yon videyo ladwàn Larisi pibliye te montre yon moun ki sanble ak Brittney Griner ki te nan pòs sekirite ayewopò a epi yon ajan k ap tcheke bagaj li, epi konfiske kèk efè pèsonèl.

Anpil jwè ki soti nan Women's National Basketball Association (WNBA) patisipe nan plizyè konpetisyon nan lig Ewopeyen an pandan fen sezon an Ozetazini, plizyè nan yo jwe nan lig Ris ak Ukrenyen yo.

Brittney Griner, gen 31 lane, e li te jwe pou ekip Ris UMMC Yekaterinburg, e li te genyen Euroleague fanm nan kat fwa ak ekip sa a.

Jwèz WNBA a jwe nan 6 match All Star ant 2013 ak 2019.

Anplis de chanpyona olenpik li yo nan vil Rio an 2016 ak Tokyo nan 2021, li te genyen tou koup di mond baskètbòl ak Etazini an 2014 ak 2018.

XS
SM
MD
LG