Accessibility links

Breaking News

Fabrikan Zam Ameriken ap Ede Ikrenyen yo Konbat Putin


Adrian Kellgren, direkte pwodiksyon endistriyel KelTec, kenbe yon zam 9mm SUB2000 ki sanble anpil ak zam li voye bay Ikren, depi Cocoa, Florid, 17 Mas 2022.
Adrian Kellgren, direkte pwodiksyon endistriyel KelTec, kenbe yon zam 9mm SUB2000 ki sanble anpil ak zam li voye bay Ikren, depi Cocoa, Florid, 17 Mas 2022.

Konpayi fizi Adrien Kellgren nan ki pou fanmi ni nan eta Florid, te gen yon kagezon zam semi-otomatik ki vo $200,000 ke yon kliyan depi lontan nan Ikrèn te komande men yo pat tande bwi moun sa a apre envazyon Vladimir Putin te fe nan Ikrèn.

Kellgren te pè pou kliyan an pa mouri kidonk konpayi li KelTec ap voye 400 zam sa yo bay Ikrèn pou ede mouvman rezistans sivil la goumen kont lame Ris la.

KelTec se youn pami konpayi Ameriken wo pwofil kap koleksyone zam, minisyon ak lot ekipman taktik pou sivil Ikrenyen yo.

Sepandan anpil nan jefo sa yo bloke akoz règleman konplike ki jere ekspedisyon entènasyonal tip machandiz sa yo.

XS
SM
MD
LG