Accessibility links

Breaking News

Dè Milye Moun Kouri Kite Mariupol Pandan Twoup Ris yo ap Avanse


Yon solda Ikrenyen pran potre yon legliz ki andomaje apre yon atak nan yon katye rezidansyel nan Mariupol, Ikren, 10 Mas, 2022.
Yon solda Ikrenyen pran potre yon legliz ki andomaje apre yon atak nan yon katye rezidansyel nan Mariupol, Ikren, 10 Mas, 2022.

Evaksyasyon nan vil Ikrenyen ki anba syèj yo te kontinye Samdi nan pami 10 koridò imanitè yo, Premye Minis adjwen Iryna Vereshchuk deklare. Gen yon total 6,623 moun yo rive evakye, pami yo 4,128 soti Mariupol ke yo mennen nan vil Zaporizhzhia ki nan nòdwès la.

Pandansetay, Twoup Ris yo kontinye ap fonse nan vil potyè Mariupol kote gwo batay ki dewoule Samdi fèmen yon gwo izin asye. Otorite lokal yo mande l'Oksidan ede yo.

Vil Mariupol soufri pi plis pase lot vil Ikrenyen yo e si'l tonbe nan men ris yo sa ta make yon kokenn chenn avans pou La Risi. Pou kounyea, lame Ris la ap goumen andeyò gran vil yo depi plis pase 3 semèn nan sa ki reprezante pi gwo envazyon terès L'Ewòp konstate depi Dezyèm Gè Mondyal la.

"Timoun, granmoun ap mouri. Vil la detwi nèt," polisye Michail Vershnin deklare. Misye antrejistre yon videyo nan mitan yon ri ki chaje ak dekonb kote li mande lidè Oksidantal yo pou asistans. Associated Press verifye otantisite videyo polisye a.

Konsèy vil Mariupol la di sòlda Ris yo fose plizyè milye sitwayen vil la deplase pou y'al nan La Risi.

XS
SM
MD
LG