Accessibility links

Breaking News

Etazini Mande La Risi Aksè ak Basketbolèz Brittney Griner ki Fèmen nan Prizon


Foto Achiv: Jwez basketbol Ameriken Brittney Griner (15) pandan yon match kadefinal kont Ostrali nan Jezolenpik Ete yo, 4 Out, 2021.
Foto Achiv: Jwez basketbol Ameriken Brittney Griner (15) pandan yon match kadefinal kont Ostrali nan Jezolenpik Ete yo, 4 Out, 2021.

Etazini mande aksè konsilè ak vedèt WNBA Brittney Griner ki fèmen nan prizon La Risi, e ki byen, dapre yon gwoup ki veye sakap pase nan prizon Ris yo, ke Moskou apiye.

La Jistis Ris akize Griner dèske li te pote bokal ki gen yon likid ki fèt ak mariwana nan peyi a.

Ekaterina Kalugina, yon manm komisyon ki vizite moun ki fèmen nan prizon andeyo Moskou, di Associated Press Vandredi ke li t'al wè Griner Lendi e ke jwèz la pat pi mal lè ou konsidere sikonstans yo. Li di avoka Griner yo al vizite li regilyèman men ke li poko rankontre konsil Ameriken an.

Depatman d'Eta pibliye yon deklarasyon Vandredi kote li mande aksè pou'l vizite Griner, ki jwe baskètbol nan La Risi apre fen sezon WNBA a.

XS
SM
MD
LG