Accessibility links

Breaking News

Plizyè Misil Ris Vize yon Zòn nan Lwès Ikrèn Toupre Aewopò Lviv


Russia Ukraine War
Russia Ukraine War

Misil yo pa touche aewopò a, dapre majistra Lviv la Andriy Sadovy, men yo frape yon enstalasyon kote yo repare avyon.

Pa te gen nouvèl touswit sou moun ki ta viktim toupre Lviv, ki nan distans 80 kilomèt ak fwontyè Ikrèn ak Polòy.

Moun te ka wè yon gwo nyaj lafimen ki antoure aewopò a.

Pandanstan nan Mariupol, sivivan koumanse soti nan yon sal teyat ke misil ris te frape mèkredi.

Plizyè santèn moun, pami yo timoun, sanble ta pran refij nan sa ki rele ann angle The Drama Theater, Teyat Dram nan. Li pa klè konbe moun ki siviv nan atak la.

XS
SM
MD
LG