Accessibility links

Breaking News

Washington Anonse Sanksyon Apre Putin Rekonet Rejyon Separatis Ikrèn


Moun vole drapo nasyonal Ris la pou selebre apre La Risi rekonet endepandans yo anba lavil Donetsk, teritwa militan pwo-Ris yo kontwole nan rejyon es Ikren, Lendi swa, 21 Fevriye 2022.
Moun vole drapo nasyonal Ris la pou selebre apre La Risi rekonet endepandans yo anba lavil Donetsk, teritwa militan pwo-Ris yo kontwole nan rejyon es Ikren, Lendi swa, 21 Fevriye 2022.

Lamezonblanch anonse Lendi li pral pran sanksyon kont 2 rejyon kote moun yo pale Ris nan ès Ikrèn, an palan de Donetsk ak Luhansk, kèk hè'd tan sèlman apre Prezidan Ris la, Vladimir Putin te rekonèt yo kom eta endepandan.

Anons Putin nan vinn ajoute sou kè sote l'Oksidan genyen kom kwa Putin pare pou'l anvayi Ikrèn talè konsa.

"Nou antisipe yon mezi konsa bo kote La Risi e nou pare pou reponn tou swit," sekretè de près Lamezonblanch la, Jen Psaki deklare Lendi. "Prezidan Biden pral siyen san pèdi tan yon lod egzekitif ki pral entèdi nouvo envestisman, komès ak finansman Ameriken ant moun Ozetazini ak swadizan DNR la (Repiblik Popilè Donetsk la). Lod egzekitif sa a gen pouvwa tou pou'l enpoze sanksyon kont nempot ki moun ki ap opere nan zon sa yo nan Ikrèn."

Moun vole drapo nasyonal Ris la pou fete anba lavil Donetsk, ki se teritwa militan pwo Ris yo kontwole nan rejyon es Ikren, lendi swa, 21 Fevriye 2022.
Moun vole drapo nasyonal Ris la pou fete anba lavil Donetsk, ki se teritwa militan pwo Ris yo kontwole nan rejyon es Ikren, lendi swa, 21 Fevriye 2022.

Inyon Ewopeyen an anonse tou swit ke lap pote kole ak Washington e li enpoze sanksyon tou. Prezidan Inyon Ewop la Ursula von der Leyen ak Prezidan Konsey la Charles Michel deklare mezi Putin pran pou'l rekonèt rejyon separatis sa yo kom "vyolasyon kare bare lwa entènasyonal yo."

Psaki di tou, Etazini pare pou'l enpoze lot sanksyon si La Risi anvayi Ikrèn.

"Nou pral anonse talè, lot mezi ki gen rapo ak vyolasyon kare bare angajman entènasyonal La Risi pran yo," li deklare. "Nap di klèman: Mezi sa yo separe ak sa ki ta mezi ekonomik adisyonèl ke nou pare pou pran rapidman e ki sevèman e ke nap prepare an kowodinasyon ak alye nou yo ak patnè nou yo si La Risi ta anvayi Ikrèn."

Kremlen an di Putin te enfome lidè La Frans ak Almay Lendi de desizyon li pran an, epi apre sa li te siyen dokiman ki deklare 2 rejyon Ikrèn yo pa fè pati Ikrèn anko.

Korespondan VOA nan Lamezonblanch Anita Powell ekri vesyon orijinal nouvel sa a

XS
SM
MD
LG