Accessibility links

Breaking News

Putin Rekonèt Endepandans Separatis Pro-Ris yo nan Ikrèn

Militan pwo-Risi yo reyaji nan lavi pandan fe d'atifis limen syel la apre Prezidan Ris la, Vladimir Putin siyen yon dekre ki rekonet 2 rejyon separatis rejyon Ikren kom endepandan, 21 Fevriye 2022.
Militan pwo-Risi yo reyaji nan lavi pandan fe d'atifis limen syel la apre Prezidan Ris la, Vladimir Putin siyen yon dekre ki rekonet 2 rejyon separatis rejyon Ikren kom endepandan, 21 Fevriye 2022.

Prezidan Ris la Vladimir Putin rekonèt Lendi rejyon ki pale Ris nan ès Ikrèn ( Donetsk ak Luhansk )kòm eta endepandan. Desizyon sila a ajoute sou kè sote ke l'Oksidan genyen ke Putin pare pou'l anvayi Ikrèn.

Kremlen deklare ke Putin te enfòme lidè peyi La Frans ak Almay Lendi ke li pran desizyon sa pou li rekonèt 2 rejyon sa yo kòm eta endepandan, e li te siyen dokiman ki deklare 2 zòn sa yo pa fè pati peyi Ikrèn ankò .

Putin te chita sou yon biwo nan Kremlen an lè li te pwononse yon diskou televize byen long kote li pale ak pèp Ris la, epi bay detay sou vèsyon pa li de istwa fontyè nasyonal yo ann Ewòp ak kijan Inyon Sovyetik la te vinn kraze nan ane 1990 yo.

Putin deklare Ikrèn pat "janm" yon vre peyi men pito li te fè pati istorik La Risi.

Moun rejyon Donetsk ak Luhansk, teritwa gouvenman separatis pwo Ris yo kontwole nan es Ikren soti nan yon tren pou y'al nan rezidans pwovizwa nan rejyon Volgograd la nan La Risi, Dimanch 20 Fevriye 2022.

Pandan Putin tap pale, Lamezonblanch te fè konnen Prezidan Joe Biden fè chita tande ak ekip responsab kap travay sou sekirite nasyonal la e ke se tout tan yo ap ba li enfòmasyon sou sa kap pase nan Ikrèn ak nan rejyon an.

Putin gen 150,000 twoup nan Belaris, ki sitiye direksyon nò Ikrèn epi sou fontyè ès ak sid Ikrèn.

XS
SM
MD
LG