Accessibility links

Breaking News

Lame Ris la fè konnen li Touye 5 Ikrenyen


RUSSIA-DEFENCE/
RUSSIA-DEFENCE/

Lame Ris la deklare Lendi ke yo touye 5 "sabotè" ki soti nan peyi Ikrèn ki te sou teritwa Ris la, nan 2 machin militè Ikrenyen ki te travèse fwontyè a, epi antre sou teritwa Ris la.

Lame Ris la te fè konnen ke te gen yon ensidan ki te fèt nan rejyon Rostov a 06:00. am (03:00 GMT), toupre vil Mityakinskaya."Pandan batay la, 5 moun ki fè pati yon gwoup sabotè ak entèlijans peyi Ikrèn te antre an teritwa Ris la pèdi lavi yo."

Lame a presize ke pa gen okenn sòlda Ris oswa gad fwontyè ki te blese.

Larisi deklare tou ke Ikrenyen yo detwi yon ti bilding yo te genyen sou fwontyè rejyon an nan Rostov, men otorite Ikrenyen demanti sa.

XS
SM
MD
LG