Accessibility links

Breaking News

Van Ensekirite a ann Ayiti Frape 2 Sitwayen Fransè Ki te Vin Adopte yon Timoun


Motosiklis kap pase tou pre barikad ak kawotchou kap boule nan Pòtoprens.
Motosiklis kap pase tou pre barikad ak kawotchou kap boule nan Pòtoprens.

2 sitayen fransè ki te ki te antre ann Ayiti pou lapremyè fwa pèdi lavi yo nan Pòtoprens nan moman yo tap antre nan otèl yo ki sou wout Delmas dapre yon sous AFP e ke jounal anliy Yahoo nan langa angrè rapòte.

Dapre menm sous la, koup fransè a ta pèdi lavi yo nan yon dappiyanp bandi ame nan Pòtoprens ta fè sou yo. Selon enfòmasyon yo, Mesye a ki gen 44 tran ak madam li 41, te antre ann Ayiti pou lapremyè fwa apre yo te fin jwenn otorizasyon pou vin adopte yon timoun.

Nan yon nòt Anbasad de Frans la nan Pòtoprens mete sou Twitter, li fè konnen yo deplore zak asasinay la ki rive sou 2 resòtisan fransè yo. Anbasad la regrèt zak la ki rive a e li voye senpati l bay fanmi viktim yo.

Dapre atik Yahoo a, Minis afè etranjeè Lafrans la mande sitwayen fransè yo pou pa vwayaje ann Ayiti jiska nouvèl òd.

Ayiti ap fè fas ak yon kriz sosyo politik kote opozisyon an nan lari ap mande depa Prezidan peyi Jovenel Moise yo estime ki pa fè anyen pou amelyore kondisyon vi yo sityasyon sa vin ogmante vyolans ak difikilte pou moun sikile lib e libè.

Nan plizyè katye gen barikad e enfòmasyon yo ta fè kwè gen nèg ame dèyè barikad yo kap ransonse sitwayen ki pral regle aktivite yo.

Gang ame asasine plizyè polisye ann Ayiti, san konte masak kap fè nan katye popilè yo. Kesyon anpil moun apoze se: "Si se povrete ki lakoz fenomèn ensekire ame a, ki kote band ame yo jwenn zam degè ak ak minisyon?

Opozisyon politik la ak plizyè òganizasyon kap defann dwa moun lonje dwè yo sou pouvwa egzektif la ki ta nan konivans ak bandi yo. Sepandan nan yon entèvyou al Lavwadlamerik, Prezdian Jovenel Moise ak minis afè etranjè li a Bocchit Edmond voye jete byen lwen akizasyon sa yo.

XS
SM
MD
LG