Accessibility links

Breaking News

Pòtoprens Konnen yon Lòt Jounen Kalm Aprè Plizyè Semen Boulvèsman Politik


Yon ri ki barikade nan Pòtoprens Foto: 27 septanm 2019.
Yon ri ki barikade nan Pòtoprens Foto: 27 septanm 2019.

Kriz politik la paralize tout aktivite nan kapital Ayiti a, Pòtoprens ak nan vil pwovens yo a depui plizyè semèn kote modòd mobilizasyon peyi locked oposizyon politik la lanse a pou fòse Prezdian Jovenel Moise kite pouvwa a rann sikilasyon otomobil ak moun pi difisil.

Etablisman eskolè ak biznis ki fèmen pòt yo depi plizyè mwa poko bay siy kilè yo ka rekòmanse fonksyone. Plizyè magazen ak lòt antrepriz ki sibi zak piyaj pandan manifestasyon opozisyon an nan Pòtoprens poko repare. Anpil ponp gazolin ap fonksyone o ralanti. Plizyè santèn milye manifestan pran lari prèske chak jou pou egzije demisyon Prezidan Jovenel Moise.

Sepandan, obsèvatè tankou peyi zanmi Ayiti yo, ki gen ti non Kò Gwoup la ak kèk lòt gwoup ki reklame tèt yo kòm opozisyon modere kwè dyalòg ant tout sektè enplike nan kriz la se meyè solisyon an, yon apèl opozisyon radikal la ki kontinye reklame depa Prezidan Moise, rejte kategorikman.

Nan yon kominike pou laprès, Relijyon pou Lapè mande aktè yo pou fè yon trèv pandan li envite yo pran wout dyalòg yon fason pou yo kapab jwenn yon solisyon nan kriz la. Group la pwofite mande manifestan yo pou mete sou pye yon koulwa iminatè pou asiste moun lavi yo afekte akoz vyolans yo.

Tout fwa, moun kapab remake yon kalma nan kòmansman semèn nan Pòtoprens. Manifestasyon yo diminnye malgre nan kèk katye gen barikad ak kawotchou kap boule. Lendi 4 novanm nan aprè midi, plizyè kamyon ak tarktè tap netwaye lari a anba gwo dispozitif sekirite lapolis.

Nan fen semèn pase a, premye minis ai a Jean Michel Lapin te pwomèt gouvènman an pral retabli lòd nan Pòtoprens. Opozsyon radikal la bò kote pal mande popilasyon an pou sezi machin yo ta jwenn nan men nenpòt manm gouvènman an pou epi remèt yo bay lapolis.

XS
SM
MD
LG