Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Masak Lasalin ak Bèlè, Pouvwa Ekzekitif la Rejte Akizasyon Kòmkwa li Ta nan Konivans ak Bandi yo


Peyi Dayiti ap fè fas ak yon fenonmèn banditis san parèy, yon pwoblèm ki egziste depi yon bon bout tan men sanble kap agrave de jou an jou. Anpil moun kwè ke se pwovrete, chomaj e mank ankadreman sosyal ki lakoz anpil jèn nan katye popilè yo pèdi espwa kote yo oblije antre nan aktivite gang ame.

Byen souvan katye antre nan batay ak katye e moun ki peye po kase a se sitwayen pezib ki pa gen anyen pou wè ak konfli ame yo. 13 novanm 2019 pase raple yon lane apre bandi te masakre plizyè abitan nan Lasalin, sa ki ta sanbe yon lese frape ant diferan band ame dapre deklarasyon yon manm gouvènman an an palan de Minis afè etranjè Ayiti, Bocchit Edmond nan yon entèvyou ak Lavwadlamerik.

Minis Edmond di li kwè gen plizyè arestasyon ki fèt nan ka sa a e ke otorite lajists yo ap kontinye fè travay yo.

Minis Afè Etranjè Ayisyen an Bocchit Edmond
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:32 0:00

Prezidan repiblik la, Jovenel Moise rejte akizasyon sa yo tout pandan yon etèvyou eksklisif ak anvwaye espesyal Lavwadlamerik Jacquelin Belizaire nan Pòtoprens. Prezidan an di pa gen prèv ki montre manm gouvènman li an ta enplike de prè ni de lwen nan masak Lasalin nan. Malgre tou, ekzekitf la te oblije mete aladispozisyon lajsitis kèk wo fonksyonè leta a ke sèten òganizasyon dwa moun te lonje dwèt sou yo nan masak la.

Prezidan Aysiyen an Jovenel Moise Di Pouvwa li a Pa Enplike nan Masak Lasalin nan
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:16 0:00

Nan mwa novanm 2019, dapre yon rapò Rezo Nasyonal Defans Dwa moun RNDDH, yon òganizasyon kap defann dwa moun ann Ayiti, 15 moun ta pèdi lavi yo e 21 lòt blese grav nan Bèlè premyè sikonskripsyon Pòtoprens.

Ayiti: 15 Mò Plizyè Blese nan yon Masak sou Bèlè Dapre RNDDH
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:22 0:00


Mèt Sienna Merope, manm IJDH, yon òganizasyon dwa moun ki baze nan Boston e ki travay ak biwo avoka dwa zimen isit Ozetazini ak ann Ayiti deklare:

Sienna Merope, Avoka IJDH, Enstiti pou Jistis ak Demokrasi ann Ayiti ki base nan Boston, Etazini
Sienna Merope, Avoka IJDH, Enstiti pou Jistis ak Demokrasi ann Ayiti ki base nan Boston, Etazini

"Yon ane apre masak Lasalin nan, moun ki responsab yo toujou rete lib pandan viktim yo poko resevwa anyen kom asistans gouvènman an. Fi ak timoun, ki gen ladan viktim vyolans seksyèl, ap viv nan kondisyon lavi inimèn
san aksè a sèvis de baz yo, epi yo rete vilnerab a plis atak anko.

Gen prev ki montre ke moun ki responsab denyè masak Bèlè a se menm moun ki responsab Lasalin nan, dapre sa rapò Nasyon Zini, DCPJ, ak òganizasyon dwa moun ki sou teren an ann Ayiti identifye kòm vyolans ki gen apui politik. Sa mete aksan sou kijan enpinite ap kreye plis vyolans anko, epi sa souleve kesyon grav konsènan konplisite leta nan atak kap ogmante kont sitwayen yo."

Nan yon nòt Anbasad Etazini ann Ayiti pbliye sou kont Twitter l nan okazyon yon lane apre masak Lasalin nan, otorite amerikèn yo ankouraj gouvènman Jovenel Moise la mennen ankèk serye sou 2 masak sa yo. Anbasad la apiye tou ide pou yon komisyon entènasyonal dwa moun vizite Ayiti.

Nan fen mwa septanm pase a, BAI ak IJDH, Enstiti pou Lajistis e Demokrasi ann Ayiti, te rele leta ayisyen pou vin bay eksplikasyon akizasyon vyolasyon dwa moun ann Ayiti devan CIDH, yon ògan nan OEA ki okipe zafè dwa moun peyi manm yo. Otorite yo atravè minis afè etranjè a Bocchit Edmond fè konnen yap envite CIDH la ann Ayiti pou vin obsève sitiyasyon dwa moun nan peyi a.

XS
SM
MD
LG