Accessibility links

Breaking News

L'ONU Atire Atansyon Ankò sou Kriz Alimantè a ann Ayiti


Nan yon nòt pòtpawòl Oganizasyon Nasyon Zini, Stephane Dujarrich, pibliye jodi lendi 18 novanm nan, li fè konnen :

Kòlèg nou yo ann Ayiti voye ban nou dènye nouvèl sou sitiyasyon imanitè a nan peyi a:

<<Pi fò biznis avek lekòl rete fèmen depi mitan mwa septanm nan, akoz pwotestasyon ak zak vylans kip a sispann. Jan nou kapab konprann sa, yon sitiyasyon konsa genyen konsekans negatif sou lavi sosyal e ekonomik la nan Pòtoprens ak lòt vil yo.

Ensekirite alimantè a ap ranfòse. Dapre dènye rapò Faz Klasifikasyon Entegre a, gen 3 milyon 700 mil moun kap travèse yon kriz gwo grankou ak yon wo nivo ijans alimantè. Pami yo genyen yon milyon moun --sou yon popilasyon total 11 milyon—k ap fè fas avèk divès nivo ensekirite alimantè dijans.

Stephane Dujarric.
Stephane Dujarric.

Daprè evalyasyon ki fèt, disi mwa mas 2020 ensekirite alimantè a kapab gen move konsekans sou yon afè de 4 milyon moun. Pou fasilite mouvman ak deplasman ki ka pèmèt asistans rive jwenn moun ki nan bezen yo, Pwogram Alimantè Mondyal (PAM) ap travay pou l tabli yon Sèvis Imanitè Ayeryen; e pou sa li l ap itilize yon milyon dola k ap sòti nan Fon Central Repons Rapid l’ONU pou Soulajman Dijans.

Bezwen imanitè yo ap ogmante ann Ayiti e nou ankouraje moun ofri plis sipò. Yon mank apui finansye gen konsekans negatif sou kapasite òganizasyon imanitè yo pou yo fè livrezon asistans pou moun ki pi frajil yo. Jiskaprezan Plan Repons Imanitè pou Ayiti a, ki estime a 126 milyon dola, resevwa sèlman kòm finansman 29 pou san sòm sa a. >>

XS
SM
MD
LG