Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Anbasadè Etazini nan l ONU Kelly Craft Rankontre Prezidan Jovenel Moïse ak Kèk Lidè Opozisyon an


 Anbasadè Kelly Craft
Anbasadè Kelly Craft

Anbasadè Kelly Craft, Reprezantan pèmanan peyi Etazini nan Nasyon Zini, ap vwayaje nan Pòtoprens, Ayiti jou mèkredi 20 novanm 2019 lan pou mete aksan sou sipò peyi Etazini pou yon avni ki gen plis lapè, plis sekirite, plis pwosperite epi ki pi demokratik pou pèp ayisyen an.

Pandan sejou li an Ayiti, Anbasadè Craft pral rankontre avèk Prezidan Jovenel Moïse ak yon echantiyon reprezantan lidè politik ak ekonomik peyi Dayiti pou ankouraje aksyon ijan pou fòme yon gouvènman k ap sèvi pèp ayisyen an.

Anbasadè Craft ap rankontre tou ofisyèl ki soti nan Biwo Entegre Nasyonzini an Ayiti (BINUH), ak ajans Nasyonzini yo pou diskite sou travay yo nan sipò yap bay gouvènman ayisyen an.

XS
SM
MD
LG