Accessibility links

Breaking News

Anbasadè Etazini an nan LONU Kelly Craft Di li Kwè Prezidan Moïse ak Lòt Lidè Eli yo Pral Relve Defi Ayiti a


Anbasadeè Etazini an nan LONU Kelly Craft. Foto achiv: 23 oktòb 2017.
Anbasadeè Etazini an nan LONU Kelly Craft. Foto achiv: 23 oktòb 2017.

Anbasadè Etazini an nan LONU Kelly Craft di"konvèsasyon mwen ak kèk aktè politik e ekonomik ranfòse bezwen ijan pou soutni enstitisyon leta yo an Ayiti.

Anbasadè Craft kotinye pou di, "Yon gouvènman kap fonksyone totalman dwe lite kont koripsyon, envestige epi pouswiv an jistis sa yo kap komèt abi dwa moun, ki gen ladan sa yo ki responsab pou asasina ki fèt nan La Saline ak Bel Air yo; epi konbat trafik dwòg ak trafik moun.

k,m mAnbasadè Etazini an nan LONU Kelly Craft di, "Prezidan Moïse ak lòt lidè ki eli demokratikman yo gen yon obligasyon pou met' tèt yo ansanm, mete mezantant yo akote, epi jwenn yon solisyon enklizif pou benefis pèp ayisyen an."

Anbasadè Etazini an nan LONU Kelly Craft di "Etazini pare pou l bay sipò li, e mwen kite Ayiti ak yon atant ke prezidan Moïse ak lòt lidè ki eli demokratikman yo pral relve defi a."

XS
SM
MD
LG