Accessibility links

Breaking News

Etazini Pwolonje TPS pou Ayiti ak Kèk Lòt Peyi pou Jiska 4 Janvye 2021


Militan imigrasyon kap mande pwolonje TPS pou sitwayen plizyè peyi kap viv Ozetazini.
Militan imigrasyon kap mande pwolonje TPS pou sitwayen plizyè peyi kap viv Ozetazini.

Depatman Sekirite Enteryè ameriken an,( Department of Homeland Security), anonse jodi vandredi premye novanm 2019 la yon desizyon ki pwolonje ofisyèlman validite dokiman ki rele TPS la, Estati Pwoteksyon Tanporè a pou peyi Dayiti, Ondiras, Nepal, Nikaragwa, Salvadò ak Soudan.

Pwolongasyon sa a ap bout 4 janvye 202. Desizyon sa a pwolonje otomatikman validite dokiman ki bay resòtisan peyi sa yo otorizasyon pou yo travay e rete isis Ozetazini.

Pou peyi tankou: Ayiti, Salvadò ak Souda, TPS la ki tap fini nan 2 janvye 2020 pwolonje jiska 4 janvye 202.

Pou peyi Ondiras, TPS la ki tap fini nan dat 5 janvye 2020 ap pran fen 4 janvye 202.

Pou peyi Nepal, TPS la ki tap fini 24 mas 2020 pwoloje pou jiska 4 janvye 2021.






XS
SM
MD
LG