Accessibility links

Breaking News

Sitwayen Plis 50 Peyi Te Eseye Antre Ilegalman Ozetazini Pandan 12 Dènye Mwa yo


Imigran ki sòti Ayiti e sou kontinan afriken an ki t ap pwoteste tou prè sant detansyon Siglo XXI nan vil Tapachula, nan Peyi Meksik. (Foto REUTERS/Jose Torres, 27 out 2019).
Imigran ki sòti Ayiti e sou kontinan afriken an ki t ap pwoteste tou prè sant detansyon Siglo XXI nan vil Tapachula, nan Peyi Meksik. (Foto REUTERS/Jose Torres, 27 out 2019).

Ozetazini, pandan majorite imigran k ap antre nan peyi a depi kèk tan sòti nan rejyon Amerik Santral la (nan peyi tankou Gwatemala, Ondiras, ak Salvadò), ajans ki la pou jere kesyon an, an palan de Patwouy Fwontalye Eatazini an, pa lentèmedyè komin Del Rio, nan Eta Tegzas, fè konnen Sèvis Imigrasyon arete sitwayen plis pase 50 peyi ki te vle antre sou teritwa ameriken an ilegalman an pasan pa Meksik pandan 12 dènye mwa yo.

Vrèmanvre, majorite imigran ki tonbe anba men ajan Sèvis Patwouy Fwontalye a se sitwayen peyi santo-ameriken yo. Sepandan konsta ki fèt nan pati sid-santral Eta Tegzas montre gen imigran ki sòti nan peyi ki sitiye pi lwen toujou. Sou yon kantite 51 mil etranje yo arete pandan ane fiskal 2018-2019 la, ajans la fè konnen 2 mil nan yo te sòti ann Ayiti, tandiske mil 700 lòt te sòti nan 36 peyi afriken.

Suiv yon repòtaj avèk Lyonel Desmarattes.

XS
SM
MD
LG