Accessibility links

Breaking News

UN-Haiti


UN-Haiti
UN-Haiti

Nasyonzuni patwone an kowoperasyon ak gouvènman Ayisyen an yon konferans bayè de fon entènasyonal ki gen kom tèm 'Yon nouvo avni pou Ayiti' 31 Mas nan katye jeneral li nan Nouyok. Konferans sa a gen kom bu pou obteni resous finansye ki nesesè pou rekonstruksyon Ayiti apre tranbleman de tè 12 Janvye a. L'ONU vle montre tou angajman san gade dèyè kominote entènasyonal la pran vizavi pèp Ayisyen an nan moman kote peyi a ap eseye reprann ni de trajedi ki te devaste'l. Sekretè-Jeneral Ban Ki-moon, Sekretè d'Eta Ameriken an Hillary Clinton ak Prezidan Ayisyen an Rene Preval epi anvwaye espesyal Nasyonzuni pou Ayiti, ansyen Prezidan Ameriken Bill Clinton pra asiste konferans la epi pwononse diskou. Nan seri repotaj sa yo, nou pral gade de pre sak te pase pandan konferans la, reyaksyon patisipan ak obsèvatè yo epi ki rezulta konkrè Ayiti kapab jwenn apre rankont la.

Nasyonzuni patwone an kowoperasyon ak gouvènman Ayisyen an yon konferans bayè de fon entènasyonal ki gen kom tèm 'Yon nouvo avni pou Ayiti' 31 Mas nan katye jeneral li nan Nouyok. Konferans sa a gen kom bu pou obteni resous finansye ki nesesè pou rekonstruksyon Ayiti apre tranbleman de tè 12 Janvye a. L'ONU vle montre tou angajman san gade dèyè kominote entènasyonal la pran vizavi pèp Ayisyen an nan moman kote peyi a ap eseye reprann ni de trajedi ki te devaste'l.

Sekretè-Jeneral Ban Ki-moon, Sekretè d'Eta Ameriken an Hillary Clinton ak Prezidan Ayisyen an Rene Preval epi anvwaye espesyal Nasyonzuni pou Ayiti, ansyen Prezidan Ameriken Bill Clinton pra asiste konferans la epi pwononse diskou.

Nan seri repotaj sa yo, nou pral gade de pre sak te pase pandan konferans la, reyaksyon patisipan ak obsèvatè yo epi ki rezulta konkrè Ayiti kapab jwenn apre rankont la.

XS
SM
MD
LG