Accessibility links

Breaking News

Premye Minis Ayisyen an Gen Konfyans Konferans L'ONU an Pral Atenn Objektif Yo Vize


Yon jou anvan konferans donatè entènasyonal yo pou Ayiti premye minis Ayisyen-an Jean Max Bellerive di jounalis-yo li gen konfyans yap atenn objektif yo vize-yo nan konferans sa-a.

Premye Minis Ayisyen an Jean-Max Bellerive ki ap patisipe nan konferans entènasyonal ki pral dewoule sou rekonstruksyon peyi D'Ayiti 31 Mas nan vil Nouyok, fè konnen li trèz optimis de rezulta konferans sa a pral pote pou peyi a.

Prezidan Ayisyen an Rene Preval, gen pou'l rive Nouyok jodia (Madi 30 Mas) e li pral prezide konferans la ansanm ak Sekrete-Jeneral Nasyonzuni an, Ban Ki-moon, epi Sekretè D'Eta Ameriken an, Hillary Clinton.

Premye Minis Ayisyen an fè konnen li atann ni aske kominote entènasyonal la fè gwo anons sou kestyon dekesman fon pou Ayiti.

"Pou kounyea nou pare .... delegasyon Ayisyèn nan rive e nap revize dokiman yo -- ou konnen pandan pwosesus la toujou gen ti kwa, setadi fot de frap, eleman ke yo bliye oubyen ke yo pa mete nan pozisyon yo ta dwe ye, donk nap eseye jwenn eleman sa yo men globalman sityasyon an byen prezante," premye minis la deklare.

XS
SM
MD
LG