Accessibility links

Breaking News

Chèf D'Eta Ayisyen: Konferans Bayè De Fon Entènasyonal la Se Yon Siksè


Lè Prezidan Ayisyen an, Rene Preval te debake nan katye jeneral Nasyonzuni 31 Mas la, ak entansyon pou'l jwen $3.9 mila bo kote kominote entènasyonal la, tout moun te kenbe souf yo nan bouch yo paske montan sa a te sanble yon objektif ki difisil pou atenn. Espesyalman nan moman kote le mond ap fe fas ak yon kriz ekonomik.

Sepandan, nan moman konferans la tap vanse pou pi devan, orizon an te komanse eklèsi pou Ayiti -- ki bezwen lajan pou rekonstruksyon.

Eklèsisman sa a te komanse pran fom le Sekretè D'Eta Hillary Clinton te di Lèzetazuni pare pou'l dekese $1.5 mila nan kad efo rekonstruksyon peyi D'Ayiti. $3.9 mila gouvènman Ayisyen an te espere jwenn nan, Madan Clinton di se yon som ki pral sèvi pou ede Ayiti reprann ni apre seyism ki frape'l 12 Janvye pase a.

Prezidan Preval reyusi reyalize objektif li paske kominote entènasyonal la pwomèt pou'l debouse $5 milya dola pou Ayiti pandan 18 mwa - yon som ki bokou plis pase sa chèf d'eta a te espere.

"Sou $3.9 nou jwen $5[milya] donk nou kapab di nou kapab di se yon siksè," prezidan Preval deklare.

XS
SM
MD
LG