Accessibility links

Breaking News

Ki Benefis Konferans Bayè De Fon 31 Mas la pral Pote pou Ayiti?


Nan moman kote Ayisyen kap viv Anayiti ak sa yo kap viv nan peyi etranje ap fè preparasyon pou konferans enpotan 31 Mas la, gen anpil demach ki deja ap fèt pou lanse yon seri de pwojè envestisman ki ta ede nan rekonstruksyon Ayiti apre tranbleman de tè 12 Janvye a.

Ekonomis Roosevelt Jean Francois ki vwayaje Nouyok pou'l asiste rankont la di-nou Bank Entè-Ameriken Devlopman an (BID) deja pwomèt Ayiti $11 milya pou ede nan rekonstruksyon an. Pwojè sa a pral gen 3 faz ladann e sa kapab pran 18 mwa pou mete ann aplikasyon.

Francois Guillaume Jr. limenm fè konnen manm diaspora Ozetazuni vle travay ansanm ak sektè prive Ayisyen an sou yon seri pwojè ki va ede peyi a ekonomikman. Youn nan pwen chanm komès la ensiste sou li, se pou manm diaspora a gen opotunite patisipe nan pwojè sa yo.

Pami ide ki diskite nou jwenn: pwojè pou aprann Ayisyen divès metye, divèsifikasyon mache a (setadi aprann plizyè metye diferan olye yo konsantre yo sou yon sèl domèn, epi jwenn nouvo pwodui pou peyi a ekspote.

Tou le 2 envite yo di yap atann konferans 31 Mas la ak anpil enpasyans e ke yo atann yo aske Ayiti tire rezulta konkrè ladann menm si se pa tou suit.

** Si'w enterese nan pwoje envestisman Anayiti, ou kapab kontakte Chanm Komes Ayisyano-Ameriken an nan Miami nan (305) 733-9066 oubyen tcheke sit web li a:info@haitianamericanchamber.com

XS
SM
MD
LG