Accessibility links

Breaking News

Chèf L'ONU an Mande Kominote Entènasyonal la Fonde yon Ayiti Tou Nèf



Sekretè-Jeneral Oganizasyon Nasyon Zuni-an, Ban Ki-moon, lanse apèl bay komunote entènasyonal-la pou mande’l kreye “yon nouvèl Ayiti”, fonde “yon Ayiti tou nèf”. Nan yon atik ki pote siyati misye Ban e ki parèt jodi Lendi-a nan jounal ameriken Washington Post, dirijan l’ONU-an fè konnen Ayiti bezwen yon renesans nasyonal total-kapital. Sekretè jeneral -la kontinye pou l di gouvènman ayisyen-an devlope yon plan daksyon estratejik nasyonal ki, daprè misye Ban, reprezante yon “dokuman-gid ki plen vizyon” e ki pral bay responsab-yo direksyon sou fason pou yo reyalize rekonstruksyon peyi-a.

Mèkredi kap vinn la-a -- 31 Mas-la -- lidè mondyal-yo pral reyini nan katye-jeneral l’ONU-an nan Nouyok pou yon konferans peyi donatè-yo ki pral analize bezwen Ayiti aprè gwo kokenn-chenn tranblemandetè-d ki te frape peyi-a an janvye pase-a.

Plis pase 100 peyi pral patisipe nan konferans sa-a kote otorite ayisyen-yo gen plan pou yo mande yon asistans $11.5 milya pou rekonstruksyon peyi-a.

XS
SM
MD
LG