Accessibility links

Breaking News

Nasyonzuni Mande $3.8 Milya Pou Rekonstruksyon Ayiti



Otorite Nasyonzuni-yo fè konnen Ayiti pral chache jwenn $3.8 milya nan men donatè entènasyonal-yo nan yon konferans ki pral dewoule 31 Mas nan katye Jeneral l’ONU-an nan New York, kote patisipan-yo pral diskute sou rekontruksyon Ayiti apre tranbleman de tè ki te devaste peyi sa-a nan mwa Janvye pase-a.

Delege ofisyèl kap sòti nan plis pase 100 peyi gen pou patisipe nan konferans sa-a, kap dewoule preske 3 mwa aprè gwo kokenn soukous-la ki te mezure 7.0 pwen sou échèl Riktè-a e ki devaste kapital-la, Pòtoprens, ak kèk lòt vil, tankou Leyogàn, Ti Gwav ak Jakmèl. Omwen 217,000 moun mouri e plus pase yon milyon lòt pa gen kay pou yo rete.

Prezidan Ayisyen-an, René Préval, ak Sekretè-Jeneral l’ONU-an, Ban Ki-moon, pral ko-prezide konferans-la.

Sekretè-d’Eta Ameriken-an, Hillary Rodham Clinton, ap prezan tou, ansanm avèk mari-li, ansyen prezidan Bill Clinton, ki okipe kounyela-a pòs anvwaye espesyal Nasyon Zuni pou Ayiti.

Helen Clark, direktris PNUD (Pwogram Nasyon Zini pou Devlopman) fè konnen lajan ki va sòti nan konferans sa-a pral sèvi pou travay rekonstruksyon Ayiti pandan 18 pwochen mwa-yo.

Bò kote pa-l, chèf sivil Misyon l’ONU pou Stabilizasyon Ayiti-a (MUNUSTAH), Edmund Mulet, pale pou’l di Ayiti bezwen rebati lekòl li-yo, lopital li-yo, wout ak pò-li-yo, e dirijan nasyon-an dwe vini ak yon plan rekonstruksyon ki plase peyi-a sou wout devlopman ak modènizasyon.

Prezidan Ayisyen-an, René Préval, nan yon mesaj konsènan konferans entènasyonal sou Ayiti Mèkredi 31 Mas-la nan New York.

XS
SM
MD
LG