Accessibility links

Breaking News

Ekonomis Harry Fouche Ofri Opinyon ni sou Pwojè Dokuman Rekonstruksyon Ayiti


Ekonomis Ayisyen yo kontinye reyaji sou pwojè dokuman rekonstruksyon peyi Dayiti-a. Pou ekonomis Harry Fouche, dokuman sa-a pa ofri okenn pwopozisyon a kou tèm.

"An gwo dokiman an lè nou gade li, nou wè efektivman genyen anpil anpil repetisyon pa rapo ak yon seri de dokiman ki te soti deja. Nou wè sèten similarite ak dokiman Latortue a, nou wè similarite nan sa nou rele 'le grand plan touristique" nan peyi a, men sa nou wè sitou se ke li parèt sitou dèz objektif a lon tèm."

Misye Fouche di li kwè dokiman an ta dwe presize kisak pral fèt dè premye Avril - ki se jou apre konferans la. Li siyale tou yon mank kowodinasyon ak moun kap viv andedan peyi d'Ayiti.

XS
SM
MD
LG