Accessibility links

Breaking News

Twitter Kraze Apre Depa Enjenyè Ki Pa Renmen Fason Musk ap Jere Rezo a


Foto Achiv: Yon resepsyonis nan bilding kote biwo Twitter sitye nan Nouyok, Mekredi 26 Oktob, 2022.
Foto Achiv: Yon resepsyonis nan bilding kote biwo Twitter sitye nan Nouyok, Mekredi 26 Oktob, 2022.

Elon Musk, nouvo PDG Twitter la, tèlman revoke moun - sitou teknisyen ki travay sou lojisyèl rezo a e ki asire li kontinye fonksyone komsadwa - yo pè pou rezo a pa tonbe.

Musk mete fen nan kont ki pete ant limenm ak 2 douzen ekspe teknoloji - kote li te kritike yo piblikman -ak yon lod pou revoke yo tout.

Plizye santen enjenye te bay demisyon li apre li te deklare tout moun ki pa apiye yon fason "fawouch" lideship li pou yo rache manyok yo anvan Jedi si yo vle resevwa konpansasyon.

Nouvo seri depa yo vle di platfom nan pedi yon paket anplwaye nan moman lap fe preparasyon pou Mondyal FIFA 2022 an kap tanmen Dimanch e ki se youn nan evenman kote gen plis moun kap pibliye mesaj sou Twitter.

XS
SM
MD
LG