Accessibility links

Breaking News

Itilizatè Twitter yo Ap Kapab Achte Koch Ble a pou $7.99


Moun mache devan katye jeneral Twitter nan San Francisco, Kalifoni, Vandredi 4 Nov. 2022.
Moun mache devan katye jeneral Twitter nan San Francisco, Kalifoni, Vandredi 4 Nov. 2022.

Twitter anonse yon nouvo sèvis abonman pou $7.99 pa mwa ki gen ladann yon koch ble ke li bay sèlman kont li verifye.

Nouvèl la tonbe nan moman nouvo pwopriyetè rezo sosyal la, Elon Musk, ap fè anpil chanjman nan sistèm verifikasyon platfòm nan, yon kèk jou sèlman anvan eleksyon mi-manda yo.

Nan yon miz a jou lojisyèl iOS Apple la nan kèk peyi, Twitter voye mesaj bay itilizatè yo pou di yo ka "abone kounyea" pou resevwa koch ble bò kote non yo, menm jan ak "selebrite, konpayi ak politisyen ou deja swiv yo."

Sepandan anplwaye Twitter Esther Crawford pibliye yon mesaj sou kont Twitter li Samdi kote'l di opsyon an "poko aktive" e ke yap teste li pandan yap eseye lanse li pi vit posib.

Lè yo mande Musk ki mezi sa a pa gen ladann risk pou moun kreye fo kont epi bay manti sou kiyès yo ye pandan yo gen koch ble a, misye reponn ke si sa fèt, Twitter va bloke kont moun sa a.

XS
SM
MD
LG