Accessibility links

Breaking News

Musk Sijere Li Taka Fe Moun Peye pou Verifye Kont Twitter yo


Foto Achiv: Elon Musk, PDG Tesla.
Foto Achiv: Elon Musk, PDG Tesla.

Milyadè Elon Musk deja komanse ap fè chanjman nan Twitter, premye semèn ni kòm nouvo pwopriyetè rezo sosyal la.

Youn nan pwojè li genyen se chaje kèk itilizatè si yo vle mentni koch ble a sou pwofil yo.

Nan le pase, Twitter te sèvi ak koch vle a pou verifye kont pèsonalite wo pwofil yo pou moun te ka konnen ke vreman vre, se yomenm.

Kritik yo di koch ble sa a se yon senbòl elit.

Musk envite yon gwoup zanmi ki se ekspè nan teknoloji ak envestisè pou yo ede gide transfòmasyon konpayi a, ki gen katye jeneral li nan San Francisco. Gen anpil chans pou'l chanje konplètman lidèship Twitter.

XS
SM
MD
LG