Accessibility links

Breaking News

Meta Revoke 11,000 Anplaye - Swa 13% Pèsonèl li


Election 2022 Zuckerberg Donations
Election 2022 Zuckerberg Donations

Konpayi Meta ki se mèt rezo sosyal Facebook la deside revoke 13% nan anplwaye li yo pandan l ap fè fas ak yon bès nan revni li, ki se youn nan pi gwo pwoblèm ke endistri nan mond teknoloji a ap fè fas.

Desisyon sila vini jis yon semèn apre revokasyon tankou koukourouj ke Twitter deside fè anba lidèchip nouvo pwopriyetè li a, bilyonè Elon Musk.

Meta, menm jan ak lòt konpayi rezo sosyal yo, te jwi de ogmantasyon finansye ki te genen pandan epòk pandemi COVID la tap fè ravaj nan mond lan, akòz tout moun te te rete lakay yo epi yo te pase plis tan nan telefòn yo ak òdinatè yo.

Men, kòm lavi kòmanse reprann eta nomal li, itilizatè yo pase plis tan nan lari olye yo rete fèmen lakay yo, e savledi kwasans revni yo kòmanse desnann.

Ralantisman ekonomik sa ki gen rapò ak kòb yo te konn fè nan piblisite sou entènèt la, ki te kontribye nan sitiyasyon ekonomik ke Meta trouvel kounya.

XS
SM
MD
LG