Accessibility links

Breaking News

Trump Pral Patisipe nan yon Miting Politik nan Pènsilvani


Foto Achiv: Ansyen Prezidan Donald Trump rive nan yon miting politik 5 Out, 2022 nan Waukesha, Wisconsin.
Foto Achiv: Ansyen Prezidan Donald Trump rive nan yon miting politik 5 Out, 2022 nan Waukesha, Wisconsin.

Donald Trump ap patisipe nan premye miting politik sezon elektoral la Samdi swa nan Wilkes-Barre, Pènsilvani, kote kandida Repibliken yo ap postile.

Tandiske kandida ansyen prezidan an apiye nan kèk eleksyon primè pandan sezon ete a te ranpote la vikwa, anpil nan moun li chwazi pou bay sipo li pa gen eksperyans oubyen yo soulve divizyon nan mitan elektè yo. Kandida sa yo ap goumen kounyea pou ogmante popilarite yo anvan eleksyon mwad Novanm nan.

Kisa ki an je? Kontwol Sena a. Anvan sa, anpil moun te kwè li tap fasil pou Repibliken yo reprann kontwol Sena a.

Rezilta eleksyon mi-manda yo kritik pou Trump nan moman lap tabli fondasyon pou kanpay a la prezidans li an 2024. Pandansetan, misye ap fè fas ak plizyè defi legal.

Prensipal defi a se sezi FBI sou fè lakay li nan Florid kote yo jwenn plizyè dokiman sekrè.

XS
SM
MD
LG