Accessibility links

Breaking News
Azi

Seoul: Kore Di Nò Lanse 3 Misil Balistik Nan Direksyon Lanmè


Foto Achiv: Lide Kore di No, Kim Jong Un.
Foto Achiv: Lide Kore di No, Kim Jong Un.

Kore di Sid anonse Kore di Nò lanse 3 misil balistik nan direksyon lanmè a.

Chèf d'eta majò fòs zame Kore di Sid di misil yo tonbe nan dlo sou kòt ès Kore di Nò. Responsab yo pa bay okenn lot detay sou lansman yo.

Lansman misil yo se 17em Kore di Nò fè ane sa a. Ekspè yo di tès sa yo vize modènize asnal zam Pyongyang epi mete presyon sou rival li yo pou yo souke kò yo. Diplomasi ki tap fèt sou kestyon sa a ap trennen depi lontan.

Kore di Nò pran yon diferan chimen ane sa a ak pakèt esè li fè yo -- pami yo pou premye fwa yon misil balistik entè-kontinantal. Se premye fwa peyi a lanse kalite misil sa a depi mwad Mas ane 2017.

XS
SM
MD
LG