Accessibility links

Breaking News

Ekspè Yo Deklare: Kore di Nò ka Rejte Preske Tout Èd Entènasyonal Kont COVID-19

FILE - People watch a TV showing North Korean leader Kim Jong Un, at a train station in Seoul, South Korea on May 16, 2022. As an illness suspected to be COVID-19 sickens hundreds of thousands of his people, Kim stands at a critical crossroad. Does he acc

Kèk ekspè fè konnen Kore di Nò ka rejte preske tout èd entènasyonal kont viris, omwen pou kounyea, malgre li dabò rekonèt ke li sispèk gen ka Covid-19 k ap ogmante nan peyi a.

Peyi a ap lite pou fè fas ak sentòm COVID-19 yo kote li anonse sou ajans Santral Nouvèl Koreyen an (KCNA) gen 1 milyon 720-mil pasyan ki gen lafyèv ak 62 ka lanmò pou rive Madi a.

Pyongyang te koumanse swiv popilasyon an pou veye viris la vè finisman mwa Avril. Semèn pase a, otorite yo te rapòte yon pakèt ka COVID-19 nan peyi a. Pandan plis pase 2 lane anvan li admèt ke maladi a lakay li, rejim nan te ensiste ke pa gen COVID nan Kore di Nò.

Nouvèl sa a vini alòske yon pandemi mondyal te tanmen nan koumansman ane 2020 an Chin e pou rive mèkredi semèn sa a, li touye yon afè 6 milyon 300-mil moun nan mond la, plis pase yon-milyon nan ka lanmò sa yo nan

Etazini, dapre Sant Resous Johns Hopkins sou Kowonaviris.

XS
SM
MD
LG