Accessibility links

Breaking News

Joe Biden ap Fè Reyinyon ak Lidè Quad yo


US President Joe Biden attends the Quad leaders’ Summit in Tokyo on May 24, 2022.
US President Joe Biden attends the Quad leaders’ Summit in Tokyo on May 24, 2022.

Prezidan Etazini Joe Biden ap fè reyinyon jodi madi a ak lidè nan yon alyans ki pa ofisyèl ki rele Quad. Gwoup rejyonal la ki fòme ak Etazini, Japon, End ak Ostrali, parèt kòm yon efò pou bare avans LaChin.

Somè-a k-ap dewoule nan Tokyo se 2èm reyinyon lidè yo kap fèt an pèsòn nan mwens ke yon lane.

Yo ka diskite sou yon pakèt sijè, pami yo plis koperasyon ekonomik sou kontinan Azi a e sou repons pou gè LaRisi nan Ikrèn nan.

Konseye Mezon Blanch pou sekirite nasyonal Jake Sullivan fè konnen sekirite alimantè entènasyonal se ta yon lòt sijè diskisyon, apre End te deside, sa gen yon semèn, pou bloke ekspòtasyon ble ke End pwodui, anplis LaRisi ki bloke ekspòtasyon danre ki soti nan Ikrèn.

Vizit Biden nan Japon an antre nan kad premye vwayaj li ann Azi kòm prezidan, apre li te fin vwayaje nan Kore di Sid.

XS
SM
MD
LG