Accessibility links

Breaking News

Sèvis Ransèyman Etazini Moutre Kore di Nò Ka Teste yon Zam Nikleyè Pandan Vizit Biden Nan Kore di Sid


Sèvis ransèyman Etazini moutre ke Kore di Nò ka teste yon zam nikleyè oubyen yon misil ki tire lwen, oubyen tou le 2, anvan, pandan oubyen apre vwayaj Prezidan Joe Biden nan Kore di Sid ak Japon apati semè sa a, dapre sa konseye sekirite nasyonal Mezon Blanch Jake Sullivan di ayè mèkredi a.

Mezon Blanch fè konnen Biden pa pwal vizite zòn demilitarize ki separe 2 Kore yo pandan vizit li nan Kore di Sid, k ap tanmen demen vandredi a, apre li te fin di, semèn pase a, li ap konsidere fè yon vwayaj konsa.

Sullivan di, "N-ap pare pou tou sa ki ka rive."

Vwayaj Biden nan ki ka dire jouk Madi k ap vini an, se pwal premye vwayaj li sou kontinan Azi a kòm prezidan. Li pwal gen premye somè li ak Prezidan Kore di Sid Yoon Suk Yeol ki te moute nan pòs-la 10 Me pase, e sèmante pou l pran pozisyon pi djanm kont pwovokasyon Kore di Nò yo.

XS
SM
MD
LG