Accessibility links

Breaking News

Rapò Pwokirè Robert Mueller a Pa Pwouve Prezidan Trump Tap Bloke Travay Lajistis


Jounalis fotograf kap pran foto ak video rapò Robert Mueller a Depatman Lalistis amerikèn nan rann piblik jedi 18 avril 2019 la.
Jounalis fotograf kap pran foto ak video rapò Robert Mueller a Depatman Lalistis amerikèn nan rann piblik jedi 18 avril 2019 la.

Rapò Robert Mueller a Depatman Jistis la Pibliye Pa Pwouve Prezidan Trump Tap Bloke Travay Lajistis

Pwokirè espesyal Robert Mueller te mennen ankèt sou 11 ka posib kote li te sispèk Prezidan Donald Trump te chache bloke travay lajistis lè l te eseye mete baton nan wou ankèt Misye Mueller tap mennen sou akizasyon kòmkwa Larisi te mele nan eleksyon prezidansyèl 2016 la Ozetazini.

Sepandan, a la fen dè fen, pwokirè jeneral la pat kapab pwouve ke prezidan an te fè sa k pa sa. Yon rapò 448 paj, Depatman Jistis la pibliye nan jounen jedi 18 avril la, tire konklizyon kòmkwa pa gen prèv ki montre Misye Trump oubyen kolaboratè li nan kanpay elektoral la te antann yo ak Larisi pou li enfliyanse rezitla eleksyon an e bay kandida Trump avantaj la devan kandida demokrat la, ansyen Sekretè Deta Hillary Clinton.

Demokrat yo bò kote pa yo mande pou Misye Mueller vin temwaye devan Kongrè a pou yo kapab gen plis detay sou rapò a.

XS
SM
MD
LG