Accessibility links

Breaking News

Etazini ak Kore di Sid Manifeste Volonte pou yon 3èm Somè ak Kore di Nò


Prezidan ameriken an Donald Trump kap mache ak Prezidan Sid Koreyen an Moon Jae-in nan Lamezon Blanch. 11 arvil 2019 nan Washington. Foto: (AP Photo/Evan Vucci)
Prezidan ameriken an Donald Trump kap mache ak Prezidan Sid Koreyen an Moon Jae-in nan Lamezon Blanch. 11 arvil 2019 nan Washington. Foto: (AP Photo/Evan Vucci)

Prezidan Etazini an Donald Trump ki te gen prezidan Kore du sid la chita bò kote l eksprime dezi li pou l ta gen yon lòt somè ak lidè Kore du Nò a Kim Jung Un pou eseye jwenn yon akò denikleyarizasyon konsiderab sou penisil Kore a.

Prezidan Trump di, "Yon 3 zyèm somè ka fèt. Se ti pa pa ti pa. Li pa pral vit." Prezidan Kore di Sid la Moon Jae -in di premye somè prezidan ameriken an te fè nan Singapore avèk lidè nò koreyen-an mwa jen 2018 la te debouche sou bon jan rediksyon tansyon sou prèskil koreyen an e gen nesesite pou yon 3è somè dewoule.

Malgre 2zyèm somè Etazini ak Kore di Nò a te kraze nan Vyetnam, Prezidan Donald Trump pat sanble fache ak lidè Kore di Nò Kim Jong Un, ke l rele yon “vrè lidè."

Nan yon entèvyou televizyon ki te anrejistre nan kapital Vyetnam nan Hanoi, ak Sean Hanity ki travay pou chèn televizyon Fox News, Mesye Trump te pale kote li dekri lidè nò koreyen an Kim Jong Un kòmkwa li “ekstrèmman entelijan” e ke li chanje pozisyon l tanzantan.

XS
SM
MD
LG