Accessibility links

Breaking News

Kore di Nò Retire Biwo Lyezon li te Genyen ak Kore di Sid


( Adwat) Cho Myoung-gyon, minis inikasyon Kore di Sid ak tokay nò koreyen li Ri Son Gwon (Nan Mitan) 14 septanm 2018.
( Adwat) Cho Myoung-gyon, minis inikasyon Kore di Sid ak tokay nò koreyen li Ri Son Gwon (Nan Mitan) 14 septanm 2018.

Kore di Nò retire biwo lyezon li te genyen avek Kore di Sid la. Kore di Nò fè Kore di Sid konnen desizyon sa a vandredi 22 mas la nan yon rankont 2 Kore yo fè chak semen nan vil Kaesong ki nan pati Nò a.

Vis minis Inifikasyon Kore di Sid la Chun Hae - sun di ajans nouvèl Reuters Kore di No fè konnen desizyon sa a se enstriksyon ki soti nan pi wo nivo. Kore di Sid fe deklarasyon pou l di: desizyon Kore di Nò pou l retire biwo lyezon an se yon desizyon regretab, men KorediSid ap kontinye travay nan biwo yo.

27 fevriye 2019 la, Prezidan ameriken an Donald Trump te rankontre nan Hanoi a, Vyetnam ak lidè nò koreyen an Kim Jong-un nan kad yon dezyèm somè sou dezameman nikleyè prèskil koreyen an. 2èm somè a pat abouti ak okenn akò ant 2 lidè yo.

2 somè sa a te rive fèt apre ke Prezidan Kore di Sid la, Moon Jae-in, te fè konnen lidè Kore di Nò a, Kim Jong Un, ta renmen fè yon 2èm somè ak prezidan Donald Trump dekwa pou yo akselere pwosesis denikleyarizasyon Preskil la.

XS
SM
MD
LG