Accessibility links

Breaking News

Premye Rankont nan 2èm Somè Dezameman Nikleyè ant Prezidan Trump ak Kim Jong Un


Prezidan ameriken an Donald Trump ak lidè Nò Koreyen an Kim Jong Un pandan somè sou dezameman nikleyè a nan Hanoi, Vietnam mèkredi 27 fevriye 2019 la. (Foto: AP/Evan Vucci)
Prezidan ameriken an Donald Trump ak lidè Nò Koreyen an Kim Jong Un pandan somè sou dezameman nikleyè a nan Hanoi, Vietnam mèkredi 27 fevriye 2019 la. (Foto: AP/Evan Vucci)

Devan yon ranje drapo ameriken ak drapo Kore di Nò, Prezidan Donald Trump fè premye rankont li avèk Kim Jong Un, lidè nò-koreyen an ---rankont ki te kòmanse avèk yon pwaye men.

Misye Trump demanti pawòl kap di li fè bak sou promès li te fè pou l jwenn denikleyarizasyon Prèskil Kore a. Lè yon jounalis te mande li si pati konsène yo pral deklare yon fen ofisyèl nan lagè Kore a (ki te sispann avèk yon amistis nan lane 1953).

Mesye Trump di: ---- "nou pral wè sa." Anvan yon dine ofisyèl ki te planifye pou jounen mèkredi 27 fevriye 2019 la, Lidè Kore di Nò a ak lidè Etazini an te deplase byen vit pou yo antre nan yon chanm nan Otèl Metwopòl Hanoi a, kote yo ta pral fè yon lòt rankont tou kout. Se enteprèt yo sèlman ki te prezan nan rankont sa a.

XS
SM
MD
LG