Accessibility links

Breaking News

Prezidan Trump Deklare yon Ijans Nasyonal, yon Mwayen pou l Jwenn Lajan Miray la

Prezidan Donald Trump ki t ap pale nan Jaden Woz la nan la Mezon Blanch, kote li deklare yon ijans nasyonal dekwa pou l kapab jwenn kòb pou l fè bati yon miray sou fwontyè ant Lèzetazini avèk Meksik la, vandredi 15 fevriye 2019, nan Washington.

Prezidan Danald Trump deklare yon ijans nasyonal ki pèmèt li pase sou kote Kongrè a pou l jwenn lajan ki nesesè pou l fè bati yon miray sou tout longè fwontyè ki separe Lèzetazini avèk Meksik la. Avèk deklarasyon sa a Misye Trump ouvè pòt la pou kèk aksyon legal ki kapab pèmèt moun konnen ki limit pouvwa yon prezidan ameriken.

Efò Prezidan ap fè pou l avanse ak plan konstriksyon miray la –ki se pi gwo pwomès elektoral li-- kapab satisfè baz politik konsèvatè li a. Men sa vin ogmante kantite akizasyon ki di kòmkwa lidè ameriken an ap abize pouvwa li genyen pou l dekrete yon eta dijans.

An menm tan tou, Prezidan an deklare li pral siyen yon lejislasyon pou finanse operasyon gouvènman an. Kongrè a te rive jwenn yon akò konpwomi sou kesyon sa a nan kad efò ki fèt pou mete fen nan yon mezantant ant lidè repibliken ak demokrat ki te lakòz gouvènman an fèmen pandan 35 jou.

XS
SM
MD
LG