Accessibility links

Breaking News

2èm Somè Prezidan Trump ak Kim Jong Un Pral Fèt nan Hanoi, nan Vyetnam


Prezidan Donald Trump avèk lidè nò-koreyen an Kim Jong Un pandan premye somè yo a nan Sengapou.
Prezidan Donald Trump avèk lidè nò-koreyen an Kim Jong Un pandan premye somè yo a nan Sengapou.

Prezidan ameriken an, Donald Trump, pran direksyon vil Hanoi, peyi Vyetnam, kote li pral fè 2èm rankont-o-somè li avèk lidè Kore di Nò a, Kim Jong Un, aprè li fin eksprime gwo espwa li genyen deske li kapab jwenn yon antant sou detay konsènan angajman Misye Kim pran pou l denikleyarize peyi li. Nan yon nòt lidè ameriken an pibliye sou kont twitter li anvan li kite Washington, li deklare:

“San denikleyarizasyon, yon Kore di Nò ki pòv ta kontinye vin pi pòv toujou. Men, mwen prevwa lidè Kim pral pran bon desizyon ki kòrèk la.”

Nan sware jounen dimanch 24 fevriye a, Misye Trump –ki te pran lapawòl devan gouvènè divès Eta ki te rasanble nan Washington- te fè konnen li-menm ak Kim Jong Un antann yo trè byen… “Men nou menm, gouvènè, nou va wè reyalite a pi byen nan jou k ap vini la yo. Mwen panse n ap genyen yon bon jan somè pandan 2 jou edmi nou pral pase nan Vyetnam nan; e nou genyen yon bon chans pou n reyalize denikleyarizasyon yon rejyon nan lemond ki trè danjre.”

SOMÈ TRUMP-KIM : REYAKSYON

Sou menm dosye a, sa gen 2 mwa, konseye sekirite nasyonal La Mezon Blanch la, John Bolton, te fè konnen yon somè konsa nesesè paske Kore di Nò poko rive mete ann aplikasyon tout angajman li te pran nan premye some a ki te dewoule Sengapour nan mwa jen 2018 la.

Howard X (agoch) se yon komedyen ostralyen dorijin chinwaz ki pèsonifye lidè Kore di Nò a, Kim Jong Un, avèk Russell White ki pèsonifye Prezidan Donald Trump. Yo poze pou foto devan La Maison de l'Opéra, nan Hanoi, anvan somè Trump-Kim nan kapital Vyetnam nan.
Howard X (agoch) se yon komedyen ostralyen dorijin chinwaz ki pèsonifye lidè Kore di Nò a, Kim Jong Un, avèk Russell White ki pèsonifye Prezidan Donald Trump. Yo poze pou foto devan La Maison de l'Opéra, nan Hanoi, anvan somè Trump-Kim nan kapital Vyetnam nan.

Sepandan, obsèvatè yo reyaji pou di si fwa sa a, nan Somè Hanoi la, rankont la pa bay bon jan rezilta, sa pral gen move konsekans seryezman pou Prezidan Trump. Se opinyon James Jay Carafano, vis-prezidan Enstiti Heritage Foundation kote li responsab domèn sekirite nasyonal ak politik etranjè. Misye Carafano deklare:

“Si Prezidan an rive bese ba devan Kim Jong Un epi li fè anpil konsesyon pou Kore di Nò, mwen pase lidè tou lè 2 pati yo (Demokrat ak Republiken) pa pral mete dlo nan bouch yo pou yo kritike li.”

Lidè nò-koreyen an, Kim Jong Un, te rive Hanoi depi lendi swa, tandiske Prezidan Trump debake nan kapital Vyetnam nan abò avyon prezidansyèl la Air Force One, nan fen jounen madi 26 fevriye 2019 la, lè Hanoi (sete nan mitan matine a nan Washington).

XS
SM
MD
LG