Accessibility links

Breaking News

Prezidan Trump Gen Konfyans Rapò Mueller la Jwenn li "Pa Koupab".


Prezidan Donald Trump ki t ap vizite yon sant ekipman pou kamyon nan vil Burnsville, Eta Minnesota, lendi 15 avril 2019 la.
Prezidan Donald Trump ki t ap vizite yon sant ekipman pou kamyon nan vil Burnsville, Eta Minnesota, lendi 15 avril 2019 la.

Ozetazini, Depatman Lajistis fè konnen li pral pibliye, nan jounen jedi 18 avril 2019 la, yon vèsyon daktilografye rapò pwokirè espesyal Robert Muller te ekri nan fen yon ankèt konsènan yon posib enplikasyon Larisi nan eleksyon prezidansyèl 2016 la; objektif enplikasyon sa a se ta pou ede kandida Donald Trump rapòte laviktwa. Rapò a genyen preske 400 paj.
Nan yon nòt Misye Trump pibiye sou kont Twitter li nan jounen lendi 15 avril la, li repete yon deklarasyon li te deja fè pou di rapò a montre li pa koupab ditou ni pou konbinezon avèk Larisi, ni pou yon konplo pou l te bloke travay lajistis. Prezidan an fè konnen Mèt Mueller avèk Minis Jistis la, William Barr, ki baze yo sou konklizyon ki nan rapò Mueller la, "deja ekate tout posiblite pou ta gen konbinezon, ni efò pou bloke tavay lajistis."

Misye Trump ensiste pou l di moun ki te komèt vyolasyon lalwa sa yo, se advèsè li a nan eleksyon 2016 la, kandida demokrat la Hillary Clinton, Komisyon Nasyonal Demokrat la, ak kèk "anketè sal..." Prezidan Trump itilize mo deplase sa a pou l deziye ansyen otorite wo-plase nan Depatman Lajistis la ak sa li rele "kèk lòt ankò...". Li fin pa di nan nòt la: "Mennen ankèt sou anketè yo."

Lidè Etazini an pale konsa nan moman li-menm avèk piblik ameriken an ap tann piblikasyon rapò Mueller la.

XS
SM
MD
LG