Accessibility links

Breaking News

Prezidan Etazini Donald Trump Fè Konnen Ankèt Robert Mueller a Netwaye Non li Nèt

Prezidan ameriken an Donald Trump pandan li tap pale ak laprès te gen bò kote li Direktè FCC a, Komite Kominikasyon Federal la (FCC) nan Roosevelt Room, Lamezon Blanch 12 avril 2019. Washington. Foto: REUTERS/Carlos Barria

Prezidan Etazini Donald Trump fè konnen ankò ke ankèt Mueller a netwaye non li nèt, e jwenn ke li pat fè anyen ki pa dwat an rapò ak eleksyon 2016 la, menm lè ke li menm ak piblik ameriken an ap tann piblikasyon rapò preske 400 paj ke anketè espesyal Robert Mueller ekri sou konfyolo ki ta fèt ak Larisi pou ede l genyen eleksyon an.

Washington ap tann pou Mesye Barr pibliye jedi 18 avril 2019 la k ap vini an tèks ankèt Mesye Mueller a, kote li kache kèk pati ladann, yon ankèt ki ie dire 22 mwa.

Ojektif anktèt se te pou detèmini si wi ou non ekip kanpay Mesye Trump la te nan konfyolo ak Larisi, e pou konnen si prezidan an, te anpeche lajistis fè travay li e deraye ankèt la. Gen anpil batay kap dewoule sou rapò a anvan piblikasyon li fèt.

XS
SM
MD
LG