Accessibility links

Breaking News

Prezidan Trump Ale nan Tribinal Kont yon Komisyon Kongrè a ki Voye Papye Legal Bay Biznis li


Prezidan ameriken Donald Trump. 22 avril 2019, nan Lamezon Blanch. 22 avril 2019. (Foto: AP /Alex Brandon)
Prezidan ameriken Donald Trump. 22 avril 2019, nan Lamezon Blanch. 22 avril 2019. (Foto: AP /Alex Brandon)

Prezidan ameriken an, Donald Trump, ale nan tribinal nan lendi 22 avril 2019 la pou l eseye bloke yon komisyon nan Kongrè a ki voye papye legal bay konpayi Biznis Trump la pou fòse yon kabinè kontab kap travay depi plizyè ane sou kaye dafè konpayi a avèk dosye anplwaye li yo soumèt tout dokiman sa yo devan manm komisyon an.

Prezidan komisyon an, depite Demokrat Eta Maryand Elijha Cummings, voye papye tenbre bay kabinè kontab la pou l mande dokiman ki kouvri jiska 8 tan operasyon konpayi Trump La.

Men, nan plènt prezidan an ak Oganizasyon Trump la mete devan tribinal la, yo li ekri pou l di: "Sa komisyon an ap chache a pa gen okenn itilite pratik pou pouvwa lejislaif la."

XS
SM
MD
LG