Accessibility links

Breaking News

Washington Anonse Sanksyon pou Febli Agresyon Militè Teheran nan Mwayèn Oryan an


Sekretè Deta ameriken ann Mike Pompeo ki tap bay yon konferans deprès pou anonse sanksyon kont peyi kap achte gaz nan men Iran. Washington, 22 avril 2019. (Foto: AP/Sait Serkan Gurbuz)
Sekretè Deta ameriken ann Mike Pompeo ki tap bay yon konferans deprès pou anonse sanksyon kont peyi kap achte gaz nan men Iran. Washington, 22 avril 2019. (Foto: AP/Sait Serkan Gurbuz)

Etazini anonse lendi 22 avril 2019 la ke lap pran sanksyon kont peyi ki enpòte petwòl ki soti nan peyi Iran. Otorite amerikèn yo espere desizyon sa a pral fòse Teheran redui sou agresyon militè lap fè nan Mwayenn Oryan an, paske sa sanksyon an ap elimine prensipal sous revni nasyonal peyi Iran.

Mezon Blanch fè konnen ke Prezidan Donald Trump te deside sispann pase sou sanksyon yo, 2 me 2019 kap vini an, pou 3 alye li – Japon, Kore di Sid ak Tirki – e pou Lachin ak End. 3 lòt kote – Itali, Grès ak Taiwann – te deja sede devan ekzijans Etazini pou yo sispann achte petwòl nan men Iran.

Nan yon kòmantè sou Twitter, Mesye Trump deklare Arabi Saoudit ak lòt peyi nan katèl OPEP la “ap fè diferans la nan founi plis petwòl ke peyi sa yo bezwen.”

XS
SM
MD
LG