Accessibility links

Breaking News

Prezidan Biden Anonse Sanksyon Sevè Kont La Risi


Prezidan Joe Biden bay yon kont randi sakap pase ak La Risi ak Ikren pandan yon diskou nan Lamezonblanch nan Washington, 22 Fevriye 2022.
Prezidan Joe Biden bay yon kont randi sakap pase ak La Risi ak Ikren pandan yon diskou nan Lamezonblanch nan Washington, 22 Fevriye 2022.


Prezidan Joe Biden anonse Madi, premye seri sanksyon Etazini ap pran kont La Risi pou sa li dekri tankou komansman yon envazyon Ikren e li semante pou'l pini La Risi pi seveman toujou si li kontinye agresyon li.

"Donk map komanse enpoze sanksyon pou reponn aksyon sa yo ki ale bokou pi lwen ke mezi noumenm ak alye nou yo ak patne nou yo te mete ann aplikasyon an 2014. E si la Risi kontinye pouse pou pi devan ak envazyon sa a, nou pare pou'n ale pi lwen toujou. Kiyes nan non bondye Putin konprann ba li dwa pou li dekrete nouvo swadizan peyi sou teritwa vwazen li. Sa se yon vyolasyon kare bare lwa entenasyonal yo e li merite yon repons seve bo kote kominote entenasyonal la," Prezidan Biden deklare.

Sanksyon yo vize sitou bank Ris yo ak det souvren peyi a.

"La Risi aji kont Ikren le li deklare endepandans eta sa yo donk jodia map anonse premye tranch sanksyon nap enpoze sou la Risi kom repons pou aksyon li poze ye a. Nou kowodone sanksyon sa yo ak alye nou yyo ak patne nou yo e nap kontinye ogmante sanksyon sou 2 gwo enstitisyon finansye Ris: VEB a ak bank milite yo a.

"Nap aplike sanksyon konpreyansiv sou det souvren Ris la. Savledi nou koupe net finansman Oksidantal gouvenman Ris la resevwa. Li paka prete lajan anko nan men lOksidan e li paka twoke nouvo det li sou mache nou yo ni sou mache Ewopeyen yo. Apati demen, e pandan jou kap vini yo, nap enpoze sanksyon sou boujwa Ris yo ak fanmi yo tou. Yo pataje tout benefis politik Kremlen yo donk yo ta dwe pataje doule a tou. Akoz aksyon La Risi poze nap travay ak ALmay pou asire tiyo Nord Stream 2 a pap - jan mwen te pwomet li a - pwogrese.," Prezidan Biden deklare.

Biden di Etazini pare pou kontinye ajoute pi plis sanksyon sou la Risi toujou, e li lanse yon pinga bay Putin.

"Okenn nan nou pa pran nen pelen. Okenn nan nou. Pa gen okenn jistifikasyon. Yon lot atak Ris nan Ikren rete yon danje pandan jou kap vini yo. Si la risi kontinye se Ris yo e selman Ris yo kap responsab," Prezidan Biden deklare.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Reuters ak Associated Press.

XS
SM
MD
LG