Accessibility links

Breaking News

Mezon Blanch fè konnen Li pwal Mete Sanksyon sou Rejyon Donetsk ak Luhansk


Moun vole drapo nasyonal Ris la pou fete anba lavil Donetsk, ki se teritwa militan pwo Ris yo kontwole nan rejyon es Ikren, lendi swa, 21 Fevriye 2022.
Moun vole drapo nasyonal Ris la pou fete anba lavil Donetsk, ki se teritwa militan pwo Ris yo kontwole nan rejyon es Ikren, lendi swa, 21 Fevriye 2022.

Mezon Blanch fè konnen lendi li pwal mete sanksyon sou rejyon Donetsk ak Luhansk ke Ris yo okipe nan lès Ikrèn, sèlman kèk èd-tan apre Prezidan ris Vladimir Putin fin rekonèt yo kòm eta endepandan.

"Nou te prevwa yon aksyon konsa bò kote LaRisi e nou pare pou reponn touswit," se sa sekretè laprès MezonBlanch Jen Psaki di lendi. Li fè konnen Prezidan Joe Biden ap pibliye yon dekrè ki entèdi Ameriken fè nouvo envestisman, fè komès ak bay finansman nan zòn sa yo.

Anons Putin nan ajoute sou krent ke Putin pare pou anvayi Ikrèn nenpòt ki lè - yon menas ki byen reyèl, dapre sa yon gwo zotobre nan administrasyon Biden nan te di jounalis yo.

Li di, "Pandan apeprè inèd-tan ki sot pase, nou te wè LaRisi òdone twoup li pou yo pran pozisyon nan Donetsk ak Luhansk pou sa li rele fonksyon pou mete lapè," se pawòl otorite administrasyon an.

Li pa di si gen plan toujou pou Sekretè Deta Anthony Blinken rankontre ak tokay ris li Sergei Lavrov semèn sa a. Rankont sa a ta pwal fèt pou pare teren pou yon rankont posib ant Putin ak Biden. Li di, "Nou pwal kontinye fè diplomasi toutotan tank yo pako antre nan Ikrèn."

XS
SM
MD
LG