Accessibility links

Breaking News

Alye Oksidantal yo Komanse Enpoze Sanksyon Apre la Risi Voye Twoup nan Lès Ikrèn


Yon solda Ikrenyen mache tou pre liy de fron an nan vil Novoluhanske nan rejyon Donetsk la nan peyi Ikren, 22 Fevriye 2022.
Yon solda Ikrenyen mache tou pre liy de fron an nan vil Novoluhanske nan rejyon Donetsk la nan peyi Ikren, 22 Fevriye 2022.

Alye Oksidantal yo pase a l'aksyon vit e prese Madi pou pini La Risi ak sanksyon ekonomik apre Prezidan Vladimir Putin te rekonèt rejyon Donetsk ak Luhansk yo nan ès Ikrèn e ke La Risi okipe, kom eta endepandan. Apre sa li te voye sa li dekri tankou "fos mentyen lapè" sou frontyè Ikrèn nan.

GADE: Diskou Prezidan Biden sou Sityasyon Ikrèn


Chanselye Alman Olaf Scholtz sispann otorizasyon pou Nord Stream 2, ki se tuyo gaz natirèl ki finn konstwi men ki poko komanse fonksyone a. Li sitye anba lanmè Balt la ant La Risi ak Almay. Sa bloke omwens pwovizwaman potansyèl pou livrezon gaz ann Almay, men li anpeche Moskou fè lajan sou tiyo gaz la tou.

Premye Minis Britanik la, Boris Johnson di Palman an li mete sanksyon sou 5 bank Ris ak 3 responsab "ki gen anpil lajan", li bloke byen yo ann Angletè e li anpeche moun fè tranzaksyon finansye ak yo.

"Sa se premye tranch la, e nou pare pou fè plis toujou," Johnson deklare.

Chèf politik etranje Inyon Ewopeyen an, Josep Borrell deklare "twoup Ris yo rive sou teritwa Ikrènyen" nan Donetsk ak Luhansk men ke se pa yon "envazyon konplè."

Nan washington, Lamezonblanch komanse dekri deplwaman twoup Ris yo nan ès Ikrèn kom yon "envazyon" apre li te ezite sèvi ak pawol sa a pou komanse. Prezidan Joe Biden deklare si twoup Ris yo travèse antre sou teritwa Ikrenyen sa egal yon envazyon e sa pral lakoz etazini pran sanksyon sevè kont Moskou.

"Nou kwè ke wi, se komansman yon envazyon, se dènye envazyon Ris nan Ikrèn," Jon Finer, prensipal konseye sekirite nasyonal la deklare. "Yon envazyon se yon envazyon, e se sakap fèt kounyea."

XS
SM
MD
LG