Accessibility links

Breaking News

Polis Ameriken Tire sou Tèritwa Meksik an - Reyaksyon Meksiko


Central American Migrant Caravan
Central American Migrant Caravan

Otorite yo o Meksik mande Washington mennen yon ankèt total sou yon ensidan kote ajan imigrasyon Lèzetazini te tire kout zam ki pa motèl sou tèritwa meksiken an pou anpeche migran antre Ozetazini.

A la fen dè fen otorite yo o Meksik mande responsab lajistis yo nan Washington fè mennen yon ankèt total-kapital sou yon ensidan ki te pase nan dat premye janvye 2019 la, kote ajan imigrasyon Lèzetazini te tire kout zam ki pa motèl sou tèritwa meksiken an pou yo te anpeche migran antre Ozetazini.

Nan jounen jou d lan an, gad fwontyè ameriken te tire kout gaz lakrimojèn ak kout spray ki te gen pwav ak piman ladan yo nan zòn fwontyè a pou bloke deplasman yon afè de 150 migran ki t ap eseye pase anba fil pou yo travèse sou tèritwa ameriken an an pasan pa zòn San Diego (Ozetazini) ak Tijuana (o Meksik). Otorite yo nan vil Meksiko atire atansyon sou le fèt ke yon ensidan konsa te dewoule nan menm rejyon an nan mwa novanm 2018 la.

Migran konsène yo fè pati yon gwoup sitwayen santro-ameriiken ki prezante tèt yo kòm manm yon karavàn ki transpòte plis pase 7 mil moun sou fwontyè Meksik pataje avek Lèzetazini an, pi presizeman nan rejyon Ti Juana. Sitwayen Ameriken k ap viv nan zòn nan te mete sou pye plizyè mach pwotestasyon pou yo denonse prezans migran yo nan rejyon nan. Se konsa tou, te gen lese-frape ant migran yo ak otorite sèvislòd ni ameriken, ni meksiken. Youn nan rezon dèt lese-frape sa yo se le fet ke migran yo t ap pwoteste kont gwo longè tan otorite imigrasyon ameriken yo pran pou yo travay sou aplikasyon azil yo; yon lòt rezon se tansyon ki pa sispann monte nan rejyon an chak fwa migran yo tante travèse fwontyè a pou yo antre ilegalman Ozetazini.

Se avèk sispenns obsèvatè nan 2 peyi yo ap tann pou yo wè ki rezilta k ap sòti nan ankèt total-kapital gouvènman prezidan meksiken an, Andrés Lopez Obrador, mande depatman jistis ameriken an mennen sou ensidan premye janvye a; sitou yap tann pou yo konnen ki repons Lèzetazini pral bay pou demand sa a.

Meksik Mande Etazini Mennen yon Ankèt sou Ensidan 1e Janvye sou Fwontyè a
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:44 0:00

XS
SM
MD
LG