Accessibility links

Breaking News

Prezidan Trump Eksprime Detèminasyon li sou Politik Imigransyon Zewo Tolerans li an


 Prezidn ameriken ann Donald Trump
Prezidn ameriken ann Donald Trump

Prezidan ameriken an Donald Trump lanse apèl dimanch 24 jen 2018 la pou depòte imedyatman moun ki antre ilegalman nan peyi a san yo pa oblije pase devan yon jij.

Nan yon tweet Prezidan Trump pibliye li di, “Nou pa ka pèmèt moun sa yo vin anvayi peyi nou a. Sistèm nou an pa vo anyen nan domèn bonjan imigrasyon e lòd ak sekirite."

Lokatè Mezon Blanch la fè dekalarasyon sa a kèk jou apre li te fin siyen yon dekrè pou mete fen nan pratik separasyon timoun piti ak paran yo kap travèse fowntyè soti nan zòn Meksik pou antre Ozetazini.

Òganizasyon kap defann dwa moun ak dwa imigran yo, politisyen ak eli Demokrat yo denonse pratik separe timoun ak apran yo sou fwontyè a. Prezidan Trump te antre an konsiltasyon ak palmantè Repibliken yo nan Kongrè pou diskise sou kris imigrasyon an avan pou lite pran yon dekrè ki entèdi separasyon timounimigran ilegal yo ak paran yo.

Premeye dam ameriken an Melania Trump te fè yon vizit san zatann sou fwontyè a nan objektif, pou apiye pwosesis reyinifikasyon plis pase 2 mil 300 timinè ki toujou separe ak manman e papa yo. Pèsonèl medikal ki sou plas nan lokal la te mete premyè dam nan okouran la pou la sou swen yap founi bay timoun yo.

XS
SM
MD
LG