Prezidan Donald Trump deklare bay yon gwoup palmantè repibliken pandan yon rankont yè madi 19 jen 2018 la li apiye 2 pwopozisyon lwa sou imigrasyon kongrè Etazini an ap anvizaje.
Rankont sa a entèvni nan moman kritik ap ogmante kont administrasyon Trump la konsènan politik ki separe timoun piti ak fanmi yo sou pati sid fwontyè Etazini pataje ak Meksik- a, sètadi paran ki antre sou teritwa ameriken an iligalman.