Accessibility links

Breaking News

Ki sa Ki pral Pase Timoun Imigrasyon Separe ak Paran yo?


Yon espas kote otorite imigrasyon amerikèn yo mete timoun yo separe ak paran yo kap travèse fowntè pou antre Ozetazini ilegalman.
Yon espas kote otorite imigrasyon amerikèn yo mete timoun yo separe ak paran yo kap travèse fowntè pou antre Ozetazini ilegalman.

Plizyè santèn ti mounn trouve yo sou kont gad frontyè Etazini pou kounye a, e paran ti moun sa yo trouve yo an detansyon ann atandan otorite ameriken yo fè pwosè yo poutèt yo te travèse frontyè Etazini ilegalman ansanm ak timoun yo. Plizyè moun kritike desizyon pou kenbe ti moun yo, e yo di desizyon sa a separe pitit ak paran. Sepandan, gouvènman Etazini an di se respekte lap fè respekte lwa peyi a. Ki sa k pral pase ti mounn sa yo? Se sa nou pral fè avèk avoka imigrasyon Larry Fleuranti depi Miami nan eta Florid ki tap reponn kesyon Ronald Cesar segman Justice-USA sou Lavwadlamerik, Washington.

Depatman sekritie enteryè Etazini an bay detay sou politik pou separe timounn ak fanmi yo. Otorite ameriken yo di yo se pa yon mezi jeneral, yo ajoute separe timounn ak fanmi yo nan kèk sikonstans sèlman. Par ekzanp, yap separe timounn nan fanmil lè otorite yo pa an mezi pou detèminen lyen familial ki genyen ant timounn nan ak moun ki avèk li a; 2èm: Lè otorite yo detèmine ke timounn nan kapab fè fas ak risk lè li ansanm ak paran li oubyen gardyen li; 3èm, oubyen lè paran an oubyen gardyen timounn nan ap fè fas ak yon pwosè pou vyolasyon panal.

Pandan ke kèk moun ap kritike desizyon otirite yo, Gouvènman ameriken an di se pwoteje lap pwoteje timoun yo. Li klè ke pandan paran oubyen gardyen timoun yo ap konparèt devan lajistis, timoun yo sanse pa gen yon guardyen anlò e ke se pou leta pwoteje yo. Aprè konbyen tan ou panse otorite ameriken yo kapab pran yon desizyon final sou ka timoun sa yo?

Klike sou odyo a pou tande repons Mèt Fleurantin bay nan mikwo Ronald Cesar sou dosye sa a.

Repons Avoka Larry Fleurantin Bay sou Kesyon Timoun Imigrasyon Separe ak Paran yo
please wait

No media source currently available

0:00 0:06:46 0:00


XS
SM
MD
LG