Accessibility links

Breaking News

Prezidan Trump Siyen yon Dekrè ki Entèdi Imigrasyon Separe Manm Fanmi Etranje IIegal yo sou Fwontyè a


Prezidan Donald Trump, nan mitan, ansanm ak Vis Prezidan Mike Pence, adwat, ak Sekretè Depatman Sekirite Teritoryal la Kirstjen Nielsen, agoch nan Ofis ann Oval la, Mezon Blanch, Washington. 20 jen 2018.
Prezidan Donald Trump, nan mitan, ansanm ak Vis Prezidan Mike Pence, adwat, ak Sekretè Depatman Sekirite Teritoryal la Kirstjen Nielsen, agoch nan Ofis ann Oval la, Mezon Blanch, Washington. 20 jen 2018.

Bay Kongrè yon Opòtinite pou Rezoud kesyon Separasyon Fanmi yo se non dokiman sa Prezidan ameriken an Donald Trump siyen mèkredi 20 jen 2018 la nan Lamezon Blanch.

Prezidan Trump siyen on règleman ki gen 3 seksyon ladan. Nan Premye seksyon an lidè ameriken kòmanse pou l di: “Avèk otorite mwen genyen antan Prezidan e ke manman lwa peyi Etazini an ban mwen, tankou lwa sou imigrasyon ak nasyonalite (INA) 8, 1101 ki li konsa:

“Se politik administrasyon amerikèn nan gpou fè respekte lwa imigrasyon nou yo. Dapre lwa nou yo, sèl fason legal pou yon etranje antre nan peyi sa a se pou pase nan yon pò ki deziyen e ki apwopriye. Lè yon etranje antre oswa eseye antre nan peyi a yon lòt kote, etranje sa komèt yon enfraksyon kidonk yon aksyon ilegal e kòm konsekans yo kapab fè li peye yon amann e li kapab menm pran prizon pou aksyon ilegal la anba seksyon 1325 ( (a) nan Tit 8 nan Kòd Etazini an. Administrasyon amerikèn nan pral kòmanse pwosedi pou ranfòse pwovizyon sa a ak lòt dispozisyon kriminèl nan INA jiskaske Kongrè a deside otreman. Se politik administrasyon an tou pou kenbe inite fanmi, tankou nan kenbe fanmi etranje, yon fason apwopriye e konfòmeman ak akò e ak lwa ak resous ki disponib yo. Malerezman, mank aksyon Kongrè a ak desizyon tribinal yo te mete Administrasyon an nan yon pozisyon kote ajan imigrasyon yo oblijè fè separasyon ant manm fanmi etranje yo nan sousi pou aplike lwa peyi a sou imigrasyon."

Nan 2èm seksyon an, lokatè Mezon Blanch la defini dapre lwa ameriken an, yon fanmi etranje. Dapre li, yon fanmi etranje se tout fanmi ki pa yon sitwayen ameriken. E yon timoun etranje se tout timoun ki pa yon sitwayen ameriken ou yon resòtisan ameriken, yon timoun ki anba 18 tan e ki pat gen otorizasyon pou rantre Ozetazini.

Nan seksyon 3 dekrè a, Prezidan Trump òdone Depatman sekirite enteryè a pou l kenbe ansanm timoun ak paran ki antre ilegal yo san li pa deparye yo pandan peryòd pwosè kont paran yo ki antre sou teritwa ameriken an ilegalman. Depatman enteryè a tou gen pou responsabilite pou loje fanmi sa yo e pran swen yo pandan pwosè yo. Sepandan not la di, sèl fason pou deparye yon timoun ak paran li sof si yo ta remake paran sila ta prezante yon danje pou timoun nan.

"Objektif la, se pou kenbe fanmi yo ansanm epi ranfòse fwontyè nou ak lwa sou imigrasyon nou yo an mèm tan," Prezidan Trump di pandan lap siyen dekrè a.

Mesye Trump te fè yon kout pye nan Kongrè a bonè mèkredi 20 jen an kote li te chita pale ak palmantè repibliken yo sou deparyaj timoun ak paran yo sou fowntyè a. Dosye separasyon timoun ak paran yo sou fowntyè Etazini ak Meksik la antre nan kad ranfòsman lwa sou imigrasyon Prezidan Trump tap pwone depi nan kanpay pou l te vin prezidan Lèzetazini, yon politik Demokrat yo kritike ak tout fòs malgre prezidan an di se yo menm ki te kreye lwa a. Demokrat yo demanti pawòl sila a.

XS
SM
MD
LG